Eksperyans aprann mwen, nan chak sa yon moun di, toujou chèche sa li pa di.
Lè ou rive nan mache, si ou pa konn sa ou dwe achte, ou riske peye byen chè, nenpòt kaka; nan pèdi tan, tande machann kap pale, byen lote e byen anbale kaka.

Dave, Responsab Blòk Sanitè ou latrin piblik, nan Koridò Rika, batize tèt li, sou rezo sosyal, depi li fin antre nan djòb la, “Direktè Kaka”.
Alòske, nan Òganigram Administrasyon Piblik la, an Ayiti, direksyon ou pòs diretè kaka a, pa egziste.
Nan pwen kaka konsa.
Men, anpil moun, ki bay tèt yo non: “enflyansè, direktè opinyon, blogè, kakatwè”, pou nou site sa yo sèlman, pran kaka Dave di a, pibliye sou paj oswa nan medya yo pou fè vyouz.
San poze kesyon pou konnen: Jan Dave, “Direktè Kaka”, alèz nan kaka lap pale yo, eske se pa nan kaka, li vle rale nou, pou ka pi byen, pase nou nan kaka?
Si se ta sa, anpil nan nou kaka?
Gade nan kaka nou tonbe.
Lajenès Peyi Nepal itilize entènèt kòm zouti pou fè revolisyon. Nou menm, nou pran li plede fè kaka.
Se kòmsi, pandan sèlman 3 jou nominasyon li, Dave te gen tan fè lekòl. Ala de kaka!
Mwen pa bay madichon, sèl bagay, ak vitès, nap kakaye a, nou fenk kare patoje e poko prèt pou soti nan kaka.
Mwen pa ekri pou pale kaka. Men anba chapo, yon kostim ak yon kout plim “Bayakou, mwen mande senpman, sispann pratik badijonay la. Etranje kap gade, pap machande kaka nap vann yo.
Pa bliye, san Elit, Laprès ou Medya Eklere, kap ede nou detekte ak evite kaka, sou tout fòm, se kaka kap toujou nan men nou.
Evens NELSON
Eskize, se lizay: mil (1.000) eskiz pou gro mo yo.

