Opozisyon ki te anfas Administrasyon Jovenel MOÏSE la, yon jenerasyon politik pèdi

Lidè Platfòm Liberasyon an, trete majorite politisyen, ki te konn envite moun pran lari kont ansyen Prezidan Jovenel MOÏSE, kòm engra ak karanklou, ki trayi batay popilè a.


Arnel BÉLIZAIRE raple, “pyès moun pa dwe kraze yon pon, aprè li fin travèse”.
Se yon langaj pou Ansyen Depite Dèlma Taba a, denonse politisyen koupyon, li di, kap travay pou deboulonnen machin mobilizasyon kont ensekirite, kòripsyon ak lavi chè an Ayiti.


Pou kwape group trèt makiye sa yo, kap souse manmèl) Leta, jounen jodi, Arnel BÉLIZAIRE revele, li deja tanmen yon veritab pèlerinaj bò kote ti ponyen militan, ki pa trayi batay pèp la. Objektif demach sa a, se relimen flanbo mobilizasyon an pou wete peyi a nan katyouboumbe.


Ansyen Eli a, ki te envite nan emisyon “7 Verite”, sou Vant Bèf Info (VBI), madi 21 jiyè 2026, tap reponn kesyon, Jounalis, Evens NELSON.

Sign Up For Daily Newsletter

Stay updated with our weekly newsletter. Subscribe now to never miss an update!

[mc4wp_form]

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *